Genesis 6:9
Men pitit pitit Noe yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noe te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pa t' nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Li te gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.
Cross References
Genesis 5:1Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.
Genesis 5:24Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
Genesis 10:1Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sèm, Kam ak Jafè, te fè pitit. Men non pitit gason yo te fè.
Genesis 48:15Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
2 Chronicles 15:17Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li.
Job 1:1Te gen yon nonm yo te rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch ki te mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye, li te toujou ap chache fè sa ki byen.