Genesis 5:24
Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (0365 an) lè l' disparèt, paske Bondye te pran l' avè l'.
Bib La
In The King James Version
And Enoch walked with God: and he was not; for God took him.
In Context
23-
25Metouchela te gen sankatrevensètan (0187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.
Cross References
Genesis 37:30Li tounen al jwenn frè li yo, li di yo: -Ti gason an pa nan pi a non! Kisa m' pral fè koulye a?
2 Kings 2:1Lè a te rive pou Seyè a te fè Eli moute nan syèl nan yon toubouyon. Eli ak Elize pati ansanm, yo kite lavil Gilgal.
2 Kings 2:12Lè Elize wè sa, li rele Eli, li di: —Papa mwen! papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale! Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize, li chire rad ki te sou li a fè de moso.
Matthew 2:18Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pesonn ba li kouraj, paske pitit li yo mouri.
Hebrews 11:5Se paske Enòk te gen konfyans nan Bondye kifè li moute nan syèl la bò kot Bondye san li pa janm mouri; apre sa, pesonn pa janm wè kote l' ye ankò. Se Bondye menm ki te fè pran l' mennen l' bò kote li. Nou jwenn ekri nan Liv la ki jan Enòk te fè Bondye plezi lontan anvan Bondye te fè l' moute nan syèl la.