The Bible Software
bible.software › Genesis › Genesis 8 › Genesis 8:20

Genesis 8:20

Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.

Bib La

In The King James Version

And Noah builded an altar unto the LORD; and took of every clean beast, and of every clean fowl, and offered burnt offerings on the altar.

In Context

19tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou.

21Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.

Read all of Genesis 8

Cross References

Genesis 4:4Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la.

Genesis 7:3Konsa tou, pou zwazo k'ap vole nan syèl la, w'a pran sèt mal ak sèt fenmèl nan chak kalite, pou ras la pa disparèt sou latè.

Genesis 12:8Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.

Genesis 13:18Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.

Genesis 22:9Lè yo rive kote Bondye te di l' la, Abraram moute yon lotèl, li ranje bwa yo sou li. Li mare Izarak, pitit gason l' lan, li mete l' sou lotèl la, anwo bwa yo.

Genesis 33:20Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l': Bondye se Bondye Izrayèl la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Genesis 8:20

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Genesis 8:19Genesis 8Genesis 8:21 →