Genesis 8:21
Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l' plezi. Li di nan kè l' -Mwen p'ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p'ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:12Lè w'a travay latè, li p'ap ba ou sa l' te dwe ba ou. W'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete.
Genesis 6:5Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
Genesis 9:11Wi, m'ap pase kontra mwen ak nou: mwen pwomèt pou m' pa janm voye gwo inondasyon ankò pou detwi tout moun ak tout bèt vivan yo. Konsa, p'ap janm gen gwo inondasyon ankò pou ravaje latè.
Exodus 29:18W'a ofri tout belye a ban mwen. W'a boule l' nèt sou lòtèl la. Sa se yon ofrann bèt w'a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann bèt ki fèt pou boule nèt nan dife, yon ofrann bèt k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 1:9Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye dèyè yo nan dlo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Seyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt ou boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
Leviticus 1:17Apre sa, l'a bay yon kout kouto nan mitan de zèl yo, l'a kenbe zèl yo, l'a louvri kò zwazo a ande san li pa detache zèl yo. Lèfini, prèt la va boule l' nèt sou dife ki sou lotèl la. Se sa yo rele yon ofrann bèt yo boule pou Seyè a, yon ofrann ou boule nèt nan dife epi k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.