Habakkuk 2:14
Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:27(022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li.
Psalms 72:19Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!
Psalms 98:1Se yon sòm. Chante yon chante tou nèf pou Seyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.
Isaiah 11:9Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.
Ezekiel 47:5Li mezire yon lòt senksan (0500) mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t' ka mache janbe l' ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m' ta naje travèse l'.
Zechariah 14:8Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule soti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè.