Habakkuk 3:11
Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Ou move, w'ap mache toupatou sou latè. Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou.
Cross References
Joshua 10:13Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche.
Psalms 19:4(019:5) Men, sa yo di a mache ale toupatou sou latè. Mesaj y'ap bay la rive jouk nan dènye bout latè. Bondye moute yon kay nan syèl la pou solèy la.
Psalms 144:5Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.
Isaiah 38:8Gade kadran solèy wa Akaz te fè a. Seyè a pral fè lonbraj la fè bak sou dis ti mak. Epi vre, lonbraj la mache fè bak sou dènye dis ti mak li te fin depase.