Joshua 10:13
Solèy la rete kote l' te ye a, lalin lan pa fè yon pa jouk pèp Izrayèl la te fin kraze lènmi l' yo. Se sa nou jwenn ekri nan liv Moun ki mache dwat la. Solèy la rete nan mitan syèl la san li pa mache yon bon tan, longè yon jounen konsa. Se apre sa l' al kouche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 31:2-Ou pral pini moun Madyan yo pou sa yo fè moun pèp Izrayèl yo pase. Apre sa, ou pral mouri pou ou al jwenn moun pa ou yo ki mouri deja.
Joshua 10:14Ni anvan sa, ni apre sa, pa janm gen yon jou tankou jou sa a lè Seyè a te fè sa yon moun te mande l' fè, epi li goumen pou pèp Izrayèl la.
Judges 16:28Lè sa a, Samson lapriyè nan pye Bondye, li di: -O Bondye Seyè! Tanpri, chonje m' non jòdi a! Tanpri, Bondye, ban m' fòs ankò pou yon dènye fwa, pou m' ka fè moun Filisti yo peye yon grenn kou pou de je m' yo pete a.
2 Kings 20:10Ezekyas di l': —Se bagay fasil pou lonbraj la mache annavan sou dis ti mak. L'ap pi difisil pou l' fè bak sou dis ti mak.
Job 9:7Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.
Psalms 74:16Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.