Habakkuk 3:5
Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l'.
Bib La
In The King James Version
Before him went the pestilence, and burning coals went forth at his feet.
In Context
4Li klere kou gwo solèy. Zèklè ap soti nan men l'. Se la li kache tout pouvwa li.
Cross References
Leviticus 26:25M'ap fè lènmi nou yo vin fè nou lagè poutèt kontra m' nou pa kenbe a. Lè sa a, n'a anpile kò nou nan lavil yo pou chache pwoteksyon, m'a voye tout kalite move maladi sou nou, jouk n'a blije rann tèt nou bay lènmi nou yo.
Numbers 16:46Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l'. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l' al jwenn pèp la. W'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l'. Malè a konmanse deja.
Psalms 18:7(018:8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!
Nahum 1:2Seyè a, se yon Bondye ki fè jalouzi epi ki konn tire revanj. Li tire revanj li. Lè l' ankòlè, se pa ti move li move. Li tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt avè l'. Li kenbe moun ki pa vle wè l' yo nan kè.