Habakkuk 3:6
Lè l' kanpe, latè pran tranble. Li annik gade, moun tout nasyon gen kè kase. Mòn ki la depi lontan yo kraze an miyèt moso. Ti mòn tan lontan yo vin plat. Chemen kote li te konn pase tan lontan yo louvri devan l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Li voye vye maladi pran devan li. Li mete lanmò mache dèyè l'.
7Mwen wè moun peyi Letiopi yo nan gwo lafliksyon. Moun peyi Madyan yo tou pè.
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Exodus 15:17Wa mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.
Exodus 21:31Si bèf la atake yon ti gason osinon yon ti fi, se menm règleman an ki pou fèt.
Deuteronomy 32:8Lè Bondye ki anwo nan syèl la t'ap bay chak nasyon pòsyon ki pou yo, lè li t'ap bay kote pou chak moun rete sou latè, li fikse fwontyè tout peyi dapre kantite moun li te mete sou latè.
Joshua 10:42Jozye te pran tout wa sa yo ak tout peyi yo nan yon sèl soti, paske Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, t'ap goumen pou pèp la.
Judges 5:5Mòn yo pran tranble devan mèt mòn Sinayi a, devan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la!