Haggai 2:14
Lè sa a, Aje di yo konsa: -Men sa Seyè a di. Se menm bagay la tou pou pèp nasyon sa a ansanm ak tou sa y'ap fè a. Sa yo ofri ban mwen an pa bon, paske yo pa nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Proverbs 21:27Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
Isaiah 1:11Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
Haggai 1:4Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze?
Jude 1:23Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.