Proverbs 21:27
Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Sa pi mal toujou lè yo ofri bèt pou touye ba li avèk lide mechanste dèyè tèt yo.
Bib La
In The King James Version
The sacrifice of the wicked is abomination: how much more, when he bringeth it with a wicked mind?
In Context
28Temwen k'ap bay manti gen pou l' mouri. Men, yo p'ap koupe pawòl nan bouch moun ki peze sa l'ap di.
Cross References
1 Samuel 13:12Mwen di nan kè m': Men moun Filisti yo pral vin atake m' isit la lavil Gilgal, epi mwen pa fè anyen pou mete Seyè a bò kote m'. Se konsa mwen pran sou kont mwen pou m' fè ofrann bèt pou boule nan dife pou Seyè a.
Psalms 50:8Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Isaiah 1:11Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa.
Jeremiah 6:20Ki mele m' ak lansan y' al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki soti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m' plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m' anyen.
Amos 5:21Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.