Haggai 2:17
Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 42:6Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.
Genesis 42:27Lè yo rive kote yo t'ap pase nwit la a, yonn ladan yo louvri sak li pou l' te ka bay bourik li manje. Li jwenn lajan li te bay la nan sak la.
Deuteronomy 28:22L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.
2 Chronicles 6:28Lè va gen grangou nan peyi a, osinon lè move maladi lapès va tonbe sou li, lè plant yo va cheche nan van cho, lè krikèt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lè lènmi va sènen lavil nou yo pou atake pèp la, lè nenpòt maladi osinon nenpòt malè va tonbe sou pèp la,
Job 36:13Men, mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd. Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.
Isaiah 9:13Pèp Izrayèl la pa chanje. Yo pa tounen vin jwenn moun ki t'ap pini yo a, Seyè ki gen tout pouvwa a.