Deuteronomy 28:22
L'ap voye sou nou epidemi, move lafyèb, maladi anfle, chalè pou toufe moun, jouk n'a mouri. L'a voye chechrès, vèmen ak pichon pou detwi rekòt nou yo. Malè sa yo va tonbe sou nou jouk n'a fin disparèt nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Seyè a ap voye yon sèl move maladi po k'ap fini nèt ak nou nan peyi nou pral pran pou nou an.
23Syèl la p'ap bay yon degout lapli menm. Tè a va vin di kou wòch.
Cross References
Leviticus 26:16men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.
1 Kings 17:7Kèk tan apre sa, ravin lan vin chèch, paske lapli pa t' tonbe nan peyi a.
Jeremiah 14:12Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.
Amos 4:9Mwen voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Haggai 2:19Ata grenn pou plante pa gen ankò nan depo nou yo. Ni pye rezen nou yo, ni pye fig frans nou yo, ni pye grenad nou yo, ni pye oliv nou yo pa donnen ankò. Men, depi jounen jòdi a, mwen pral beni nou.