Haggai 2:5
Lè nou t'ap soti kite peyi Lejip la, mwen te pwomèt mwen t'ap toujou la avèk nou. Enben! M' la nan mitan nou. Nou pa bezwen pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:4Seyè a pale, li voye di nou konsa: Nou wè sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Nou wè ki jan mwen te pote nou tankou malfini pote pitit li yo sou do li, mwen fè nou vin jwenn mwen.
Exodus 24:3Moyiz ale, li rapòte bay pèp la tou sa Seyè a te di l' yo ansanm ak tout lòd li te bay yo. Tout pèp la reponn ansanm: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè.
Exodus 29:45M'ap rete nan mitan pèp Izrayèl la, se mwen menm ki va Bondye yo.
Exodus 34:8Lamenm, Moyiz prese bese tèt li byen ba jouk atè, li adore Bondye.
Numbers 11:25Seyè a desann nan yon nwaj, li pale ak Moyiz ankò. Apre sa, li pran ti gout nan lespri li te bay Moyiz la, li bay swasanndis chèf yo. Lè lespri a vin sou yo, yo tonbe pale tankou pwofèt yo sou tout kalite bagay. Apre sa, yo sispann.
Joshua 8:1Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.