Joshua 8:1
Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 7:18Nou pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a.
Deuteronomy 31:8Seyè a va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Joshua 2:24Yo di l' konsa: -Seyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
Joshua 10:7Se konsa, Jozye ak tout lame a ansanm ak tout vanyan sòlda li yo kite Gilgal, yo leve yo pati.
Psalms 44:3(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.