The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 1 › Hebrews 1:2

Hebrews 1:2

Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.

Bib La

In The King James Version

Hath in these last days spoken unto us by his Son, whom he hath appointed heir of all things, by whom also he made the worlds;

In Context

1Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.

3Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.

Read all of Hebrews 1

Cross References

Genesis 49:1Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.

Deuteronomy 4:30Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Seyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l' t'ap di nou an.

Deuteronomy 31:29Paske mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Seyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo.

Proverbs 8:22Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay.

Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!

Isaiah 45:12Se mwen menm ki te fè latè. Mwen kreye moun pou yo viv sou latè. Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen. Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 1:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 1:1Hebrews 1Hebrews 1:3 →