Hebrews 11:13
Tout moun sa yo mouri ak konfyans pou Bondye nan kè yo. Yo pa t' gen tan resevwa benediksyon Bondye te pwomèt yo, men yo wè benediksyon yo byen, lwen, yo salwe yo delwen. Yo tout te deklare se etranje depasaj sou latè yo ye, tankou moun yo depòte.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Lè yo t'ap pale konsa, yo te tou fè moun wè yo t'ap chache yon peyi ki peyi pa yo.
Cross References
Genesis 23:4-Se etranje mwen ye, se depasaj mwen ye nan mitan nou. Vann mwen yon anplasman pou m' ka antere madanm mwen, konsa m'a wete kadav la devan je m'.
Genesis 27:2Izarak di l': -Ou wè jan m' fin vye. Mwen pa konn ki jou m'ap mouri.
Genesis 48:21Apre sa, Izrayèl di Jozèf: -Gade. Mwen pral mouri. Men Bondye ap la avèk ou. La fè ou tounen nan peyi zansèt ou yo.
Genesis 49:18O Seyè, m'ap tann ou vin sove mwen!
Genesis 49:33Lè Jakòb fin pale konsa ak pitit gason l' yo, li lonje kò l' sou kabann lan, li mouri, li al jwenn fanmi li yo ki te mouri deja.
Numbers 10:30Obab reponn li: -Non. M'ap tounen nan peyi m' al jwenn fanmi m'.