The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 11 › Hebrews 11:16

Hebrews 11:16

Okontrè, yo te dèyè yon lòt peyi ki pi bon, sa vle di: peyi ki nan syèl la. Se poutèt sa, Bondye pa wont di se Bondye yo li ye, paske l'ap pare yon lavil pou yo.

Bib La

In The King James Version

But now they desire a better country, that is, an heavenly: wherefore God is not ashamed to be called their God: for he hath prepared for them a city.

In Context

15Si yo te regrèt latè apre yo te fin kite l', yo ta ka gen chans tounen ladan l' ankò.

17Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te asepte touye Izarak tankou yon ofrann bèt bay Bondye, lè Bondye te vle wè jouk ki bò konfyans li t'ap rive a. Abraram te tou pare pou l' te ofri bay Bondye sèl pitit gason Bondye te pwomèt li a.

Read all of Hebrews 11

Cross References

Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.

Genesis 28:13Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.

Exodus 3:15Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.

Isaiah 41:8Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!

Matthew 22:31Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou:

Mark 8:38Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 11:16

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 11:15Hebrews 11Hebrews 11:17 →