Hebrews 12:19
Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l' sispann pale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:1Bondye pran pale, li di:
Deuteronomy 4:12Seyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.
Deuteronomy 5:3Se pa t' avèk zansèt nou yo sèlman Seyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a.
Deuteronomy 18:16Se sa menm nou te mande Seyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri.
1 Thessalonians 4:16Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye.