The Bible Software
bible.software › 1 Thessalonians › 1 Thessalonians 4 › 1 Thessalonians 4:16

1 Thessalonians 4:16

Lè sa a, n'a tande yon gwo lòd pase, n'a tande vwa chèf zanj lan ansanm ak kout klewon Bondye a: epi Seyè a menm va desann sot nan syèl la. Moun ki te mete konfyans yo nan Kris la lè yo te mouri, se yo ki va leve soti vivan an premye.

Bib La

In The King James Version

For the Lord himself shall descend from heaven with a shout, with the voice of the archangel, and with the trump of God: and the dead in Christ shall rise first:

In Context

15Dapre sa Seyè a te moutre m' lan, men sa m'ap di nou: Nou menm k'ap vivan toujou lè Seyè a va vini an, nou p'ap pran devan moun ki mouri deja yo.

17Apre sa, nou menm ki va vivan toujou lè sa a, y'ap vin pran nou, nou menm ansanm ak moun ki soti vivan nan lanmò yo, y'ap mete nou sou nwaj yo pou n' al kontre Seyè a anwo a. Konsa, nou tout n'ap toujou ansanm ak Seyè a.

Read all of 1 Thessalonians 4

Cross References

Exodus 19:16Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.

Numbers 23:21Mwen pa wè okenn malè pou moun Jakòb yo. Ni mwen pa wè okenn traka pou moun Izrayèl yo. Seyè a, Bondye yo a, l'a avèk yo. Yo tout kontan, y'ap fè konnen se li ki wa yo.

Psalms 47:5(047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.

Isaiah 27:13Wi, jou sa a, y'a kònen gwo twonpèt la. Tout moun ki t'ap deperi nan peyi Lasiri, tout moun yo te depòte nan peyi Lejip yo pral tounen lakay yo. Y'ap vin adore Seyè a sou mòn ki apa pou li a, nan lavil Jerizalèm.

Zechariah 4:7Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l' pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li!

Zechariah 9:14Seyè a pral parèt anlè tèt pèp li a. Li pral voye flèch li yo tankou zèklè. Seyè a, Bondye a, pral kònen twonpèt la. Li pral mache nan van siklòn k'ap soufle soti nan sid.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Thessalonians 4:16

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Thessalonians 4:151 Thessalonians 41 Thessalonians 4:17 →