The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 12 › Hebrews 12:2

Hebrews 12:2

Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.

Bib La

In The King James Version

Looking unto Jesus the author and finisher of our faith; who for the joy that was set before him endured the cross, despising the shame, and is set down at the right hand of the throne of God.

In Context

1Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an.

3Egzaminen ka li byen. Gade tou sa li sibi nan men bann pechè sa yo ki pa t' vle wè l' menm. Konsa tou, pa kouri pou batay la. Pa dekouraje.

Read all of Hebrews 12

Cross References

Numbers 21:9Moyiz pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l' sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri.

Psalms 22:6(022:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.

Psalms 110:1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.

Isaiah 8:17Seyè a vire do l' bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m'ap konte sou li, m'ap mete tout espwa m' nan li.

Isaiah 45:22Tounen vin jwenn mwen pou nou ka delivre, nou tout ki rete sou latè! Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt!

Isaiah 50:6Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 12:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 12:1Hebrews 12Hebrews 12:3 →