Hebrews 12:9
Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo peni nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 20:12Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Numbers 16:22Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
Deuteronomy 21:18Si yonn nan nou gen yon pitit gason ki radi, ki gen tèt di, ki pa vle koute ni manman l' ni papa l' lè y'ap pale ak li, yo te mèt bat li, sa antre nan yon zòrèy soti nan lòt la,
Job 12:10Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
Ecclesiastes 12:7Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.
Isaiah 42:5Bondye sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l' anwo tèt nou, li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li, li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi, li pale, li di konsa: