Hebrews 2:11
Ni moun ki netwaye lèzòm anba peche yo, ki vle di Jezi, ni lèzòm li netwaye yo, yo tout gen yon sèl papa. Se poutèt sa, Jezi pa wont rele yo frè,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Mark 8:38Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m' lan, m'a wont pran li pou moun pa m' tou.
John 17:19Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a.
John 20:17Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou.
Acts 17:28Paske, se nan li nou gen lavi, se nan li nou ka bay kò nou mouvman, se nan li nou gen legzistans. Gen nan poèt nou yo ki te di menm bagay la: Nou menm tou, nou se pitit li.
Galatians 4:4Men, lè lè a rive, Bondye te voye pwòp pitit li. Li soti nan vant yon fanm, li viv anba lalwa jwif yo,