Jan 20:17
Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt).
18Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: Mwen wè Seyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.
Cross References
2 Kings 4:29Elize vire bò Gerazi, li di l' konsa: —Pare kò ou non! Pran baton m' lan avè ou. Pati. Pa rete sou wout ou pou di pesonn bonjou. Si yon moun di ou bonjou, pa reponn. Ale dirèk dirèk kay madanm lan. Lè w'a rive, w'a mete baton m' lan sou figi pitit la.
Psalms 22:22(022:23) M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
Psalms 48:14(048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Psalms 89:26(089:27) L'a rele m', l'a di m': Se ou ki papa m', se ou menm ki Bondye m'. Se ou ki pwoteksyon m', se ou menm ki delivrans mwen.
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
Ezekiel 36:28Lè sa a, n'a rete nan peyi mwen te bay zansèt nou yo. Se nou menm ki pral pèp ki rele m' pa mwen. Mwen menm se Bondye nou m'ap ye.