Hebrews 4:12
Pawòl Bondye a gen lavi, li gen pouvwa. Li pi file pase kouto de bò. Li koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri moun fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl zo kontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 3:16Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l' sou kwis pye dwat li, anba rad li.
Psalms 110:2Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
Psalms 139:2Ou konnen lè m' chita, ou konnen lè m' kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.
Proverbs 5:4Men, lè tout bagay fini, bouch li anmè kou fyèl, lang li file tankou kouto de bò.
Isaiah 11:4L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Isaiah 55:11Konsa tou pou pawòl ki soti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m' te vle l' fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l' fè a.