The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 4 › Hebrews 4:2

Hebrews 4:2

Paske, yo fè nou konnen bon nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesaj la. Men, sa pa t' sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l' la yo pa t' resevwa l' ak konfyans nan Bondye.

Bib La

In The King James Version

For unto us was the gospel preached, as well as unto them: but the word preached did not profit them, not being mixed with faith in them that heard it.

In Context

1Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a.

3Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.

Read all of Hebrews 4

Cross References

Acts 13:46Men, Pòl ak Banabas di yo kareman: Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l', nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n' antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, koulye a nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo.

Romans 10:16Men, se pa tout ki asepte bon nouvèl la. Se poutèt sa Ezayi te di: Mèt, kilès ki te kwè mesaj nou te bay la?

Galatians 3:8Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram bon nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

1 Thessalonians 1:5Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.

2 Thessalonians 2:12Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.

Hebrews 3:12Frè m' yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l' ki pou fè l' pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 4:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 4:1Hebrews 4Hebrews 4:3 →