Hebrews 4:1
Koulye a, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:30Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m'ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t'ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p'ap fè sa ankò paske m'ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k'ap derespekte m' yo, m'ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Proverbs 28:14Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo.
Matthew 7:21Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
Matthew 24:48Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.
Luke 13:25Mèt kay la gen pou l' leve fèmen pòt la; lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a kòmanse frape nan pòt la; n'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! La reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou soti.
Romans 3:23Tout moun fè peche; yo tout vire do bay Bondye ki gen pouvwa a.