Hebrews 4:7
Se sak fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 6:1Lè sa a te gen katsankatreven (0480) lanne depi pèp Izrayèl la te soti kite peyi Lejip, Salomon te gen katran depi li t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. Nan mwa Ziv la, ki dezyèm mwa nan kalandriye jwif yo, Salomon mete men nan bati kay Seyè a.
Matthew 22:43Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l' Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l' di:
Luke 20:42Men, sa David menm te di nan liv Sòm yo: Bondye Mèt la te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen,
Acts 2:31David te wè sa Bondye tapral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmò lè l' di: Yo p'ap kite l' kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti.
Acts 28:25Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di:
Hebrews 3:15Men sa ki ekri nan Liv la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.