Hebrews 5:12
Depi tout tan sa a, se pou n' te fò deja tankou moun k'ap moutre nou yo. Men, okontrè, se bezwen nou bezwen toujou pou moun montre nou bagay ki pi fasil yo, premye konesans nan pawòl Bondye a. Se ti lèt nou bezwen bwè toujou, nou poko ka manje gwo manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Se timoun ki nan bwè lèt, paske timoun pa gen kont esperyans pou konnen sa ki bon ak sa ki pa bon.
Cross References
2 Samuel 16:23Lè sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo.
Psalms 34:11(034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a.
Isaiah 28:13Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.
Matthew 17:17Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m' rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m' sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.
Acts 7:38Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a; li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l' sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou.
1 Corinthians 3:1Men, frè m' yo, pou di vre, mwen pa t' kapab pale ak nou tankou ak moun ki gen Lespri Bondye a nan kè yo. Mwen te blije pale ak nou tankou ak moun k'ap viv dapre lide ki nan lèmonn, tankou ak moun ki timoun toujou nan konfyans yo nan Kris la.