Isaiah 28:13
Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 69:22(069:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo.
Isaiah 6:10Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.
Isaiah 8:15Anpil moun pral bite, y'ap tonbe, y'ap kase ren yo. Y'ap tonbe nan pèlen an, y'ap pran ladan l'.
Jeremiah 23:36Konsa, piga nou pale sou chay Seyè a bay ankò paske m'ap fè mesaj mwen an tounen yon chay tout bon pou nou. Nou pran pawòl Bondye vivan an, pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, pawòl Bondye nou an, nou vire l' lanvè.
Hosea 8:12Atout m' ekri pou yo anpil regleman sou lalwa mwen ba yo a, yo pran regleman yo pou bagay ki pa pou yo.
Matthew 21:44Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.