Hebrews 7:19
Lalwa Moyiz la pa t' kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pa t' kapab sèvi anyen ankò.
20Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l' pa t' fè sèman.
Cross References
Psalms 73:28Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.
John 14:6Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.
Romans 3:20Se pa paske yon moun fè sa lalwa a mande kifè li inonsan devan Bondye. Poukisa? Paske lalwa annik fè nou konnen sa nou fè a pa bon.
Romans 8:3Bagay lalwa Moyiz la pa t' kapab fè, paske kò lèzòm te rann li san fòs, se Bondye menm ki fè l': Bondye kondannen peche ki nan kò lèzòm lan, lè l' voye pwòp Pitit pa l' nan yon kò ki menm kò ak kò peche a, pou l' te ka fini nèt ak peche a.
Galatians 3:24Konsa, lalwa te tankou yon moun ki la pou veye nou, jouk lè Kris la te gen pou vini pou n' te ka kwè nan li pou Bondye te fè nou gras.
Ephesians 3:12Ak lavi n'ap mennen ansanm nan Kris la, gremesi konfyans nou gen nan li a, nou lib pou nou pwoche devan Bondye san kè sote.