Hosea 11:4
Pou m' te ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m' ba yo manje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 16:32Moyiz di yo: -Men lòd Seyè a ban nou. Se pou nou sere twa ti mamit edmi plen laman pou pitit pitit nou yo. Konsa y'a wè ki kalite manje mwen te konn ban nou nan dezè a, lè mwen te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Deuteronomy 32:12Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'.
2 Samuel 7:14M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li.
Psalms 105:40Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.
Isaiah 63:9nan tout tèt chaje yo. Se pa t' yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se limenm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l' sitèlman fè l' mal pou yo, se limenm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo.
Jeremiah 31:3Byen lwen, Seyè a te fè m' wè li. Li t'ap di: Nou menm moun pèp Izrayèl, mwen p'ap janm sispann renmen nou. Se poutèt sa m'ap toujou aji byen ak nou.