Deuteronomy 32:12
Seyè a sèl chèf yo. Li pa bezwen lòt bondye pou ede l'.
Bib La
In The King James Version
So the LORD alone did lead him, and there was no strange god with him.
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:39Se mwen menm, mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt bondye pase mwen menm. Mwen bay lavi, mwen pran lavi jan m' vle. Lè mwen bay maladi, se mwen ki pou bay gerizon. Pa gen moun ki ka delivre pesonn anba men mwen.
Nehemiah 9:12Lajounen se avèk yon gwo nwaj ou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, avèk yon flanm dife, ou klere chemen kote pou yo pase.
Psalms 27:11Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'.
Psalms 78:52Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a.
Psalms 136:16Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Isaiah 43:12Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive. Se mwen menm ki delivre nou. Pa gen ankenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou. Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye. Se Seyè a menm ki di sa.