Hosea 13:16
Peyi Samari a pral peye pou sa l' fè a, paske li te leve sou do Bondye li a. Yo pral mouri nan lagè. Y'ap pran pitit yo, y'ap kraze yo atè, y'ap fann vant fanm ansent yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 8:12Azayèl mande l': —Mèt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: —Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fè pèp Izrayèl la pase. Ou pral met dife nan gwo fò yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.
2 Kings 17:6Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
2 Kings 19:9paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas.
Isaiah 7:8Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezen se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m' pa ba l' swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò.
Isaiah 13:16Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.
Hosea 7:14Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m' ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m'.