Isaiah 7:8
Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezen se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m' pa ba l' swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Enben! Men sa mwen menm, Seyè ki sèl mèt la, mwen di: Sa p'ap mache! Sa p'ap pase konsa!
Cross References
Genesis 14:15La, yon jou lannwit, li separe mesye li yo, li fè yo fè de gwoup, epi li atake lènmi yo. Li bat yo byen bat, li kouri dèyè yo jouk yo rive Oba, ki sou bò nò lavil Damas.
2 Kings 17:5Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan.
Ezra 4:2Yo vin jwenn Zowobabèl ak chèf fanmi yo, yo di yo konsa: -Kite nou mete men ansanm ak nou nan travay pou rebati tanp lan, paske nou menm tou se menm Bondye a nou adore ak nou. Epi, depi lè Esaradon, wa peyi Lasiri a, te fè nou vin rete isit la, n'ap ofri bèt pou yo touye pou li.
Isaiah 17:1Men sa Bondye di k'ap rive lavil Damas: -Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli.
Hosea 1:6Gomè vin ansent ankò. Li fè yon pitit fi. Lè sa a, Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Lowouchama, paske m'ap san pitye pou moun Izrayèl yo ankò. p'ap gen padon pou yo.