Hosea 14:8
Nou menm moun Izrayèl, konnen mwen pa gen anyen pou mwen wè ak zidòl. Mwen menm m'a reponn yo lè y'ap lapriyè. M'ap okipe yo tankou pye bwapen ki rete toujou vèt, m'ap ba yo lonbraj. Se mwen menm k'ap ba yo tout kalite benediksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 33:27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
Isaiah 41:19M'ap fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a, ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon. Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen, pye bwadòm ak pye sèd.
Isaiah 60:13Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a.
Hosea 14:2Tounen vin jwenn Seyè a! Men sa pou nou di li: Padonnen tout peche nou yo. Asepte sa n'ap mande ou la a. Nou p'ap ofri ou towo bèf ankò, n'ap fè lwanj ou pito.
John 1:16Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè.
John 15:1Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m' se moun k'ap okipe pye rezen an.