Isaiah 41:19
M'ap fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a, ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon. Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen, pye bwadòm ak pye sèd.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 27:6Nan jou k'ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l'ap bay.
Isaiah 35:1Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri.
Isaiah 51:3Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.
Isaiah 60:13Y'a pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m' rete a.
Isaiah 61:3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Ezekiel 17:22Men sa Seyè sèl Mèt la di: -M'ap koupe boujon tèt yon pye sèd ki byen wo. M'ap kase yon jenn ti boujon nan branch ki pi wo yo. M'ap plante l' sou tèt yon mòn byen wo,