The Bible Software
bible.software › Hosea › Hosea 2 › Hosea 2:3

Hosea 2:3

Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l' nèt, pou l' rete toutouni jan manman l' te fè l'. M'ap fè l' tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l' mouri swaf dlo.

Bib La

In The King James Version

Lest I strip her naked, and set her as in the day that she was born, and make her as a wilderness, and set her like a dry land, and slay her with thirst.

In Context

2Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari l' non plis. Pale avè l' pou l' sispann sèvi tankou jennès, pou l' wete nan kòsaj li bann zidòl li renmen anpil yo.

4Mwen p'ap gen pitye pou pitit li yo non plis. Paske yo se pitit yon fanm ki nan jennès.

Read all of Hosea 2

Cross References

Judges 15:18Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen!

Isaiah 33:9Peyi a nan lapenn, l'ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy.

Isaiah 64:10Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.

Jeremiah 2:31(Nou menm k'ap viv koulye a, koute byen sa Seyè a ap di a.) Pèp Izrayèl, èske mwen te tankou yon dezè pou nou, tankou yon kote ki fènwa anpil? Poukisa atò pou nou di: -Nou granmoun tèt nou, nou p'ap janm tounen vin jwenn ou ankò!

Jeremiah 12:10Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.

Jeremiah 13:26Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Hosea 2:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hosea 2:2Hosea 2Hosea 2:4 →