Hosea 5:13
Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri malenng nou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 15:29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
2 Chronicles 28:16Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,
2 Chronicles 28:21Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen.
Jeremiah 30:14Tout moun ki t'ap fè lamou avè ou yo bliye ou. Yo yonn pa okipe ou ankò. Mwen frape ou, tankou si m' te lènmi ou. Pinisyon an te rèd pou ou, paske peche ou la te grav anpil. Ou te fè anpil gwo mechanste.
Hosea 7:11Moun Efrayim yo fin egare, yo tankou pijon ki pèdi bann yo, yo pa konn sa y'ap fè. Yon lè, se Lejip yo rele vin ede yo. Yon lòt lè, yo kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo.
Hosea 10:6Yo pran zidòl la, yo mennen l' ale nan peyi Lasiri. Yo fè gwo wa a kado l'. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, pèp Izrayèl la pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy.