Hosea 5:7
Yo pa t' kenbe pawòl yo ak Seyè a, yo twonpe l'. Yo fè yon bann timoun ki pa janm konnen Bondye. Nan yon sèl mwa, Bondye ap detwi yo nèt ansanm ak tout jaden yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 144:7Rete nan syèl la, lonje men ou pran m'. Rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. Delivre m' anba men moun lòt nasyon yo.
Isaiah 48:8Nou pa t' janm konn bagay konsa, nou pa t' janm tande sa. Mwen pa t' kase bwa nan zòrèy nou sou sa, paske mwen konnen jan nou trèt. Yo pa ka fè nou konfyans. Depi nou fèt yo konnen nou pou moun tèt di.
Jeremiah 3:20Men, tankou yon fanm k'ap twonpe mari l', nou menm, moun peyi Izrayèl yo, nou twonpe m'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 12:28Se poutèt sa, w'a di yo: Men sa Seyè a, Bondye sèl mèt la, voye di yo: Mesaj m'ap bay la p'ap pran tan pou l' rive vre. Pawòl m'ap di a pral rive. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa.
Hosea 2:11Mwen pral fè l' sispann gen kè kontan. Mwen pral sispann tout fèt li yo, fèt lalin nouvèl li yo, fèt repo l' yo ak gwo fèt li fete chak lanne yo.
Hosea 7:13Madichon pou yo! Yo kouri vire do ban mwen. Y'ap fini nèt. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen. Yo leve dèyè mwen. Mwen te vle sove yo, men y'ap fè manti sou mwen.