Hosea 8:10
Atout yo bay lòt nasyon yo kado, koulye a mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m' pini yo. Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 15:19Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (03000) kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a.
2 Kings 17:4Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'.
Isaiah 10:8Li t'ap plede di: Tout chèf lame mwen yo se wa yo ye nan lòt peyi!
Isaiah 36:13Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di: -Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou:
Ezekiel 16:33Yon jennès se peye yo peye sa. Men ou menm, se ou menm ki bay nonm ou yo kado, se ou menm k'ap ofri yo lajan pou yo soti toupatou vin kouche avè ou.
Ezekiel 22:20Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn.