Hosea 9:1
Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l' la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 22:12Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.
Jeremiah 2:20Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.
Lamentations 4:21Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.
Ezekiel 16:30Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Se pa ti move mwen pa t' move sou ou! Ou fè tou sa tankou yon jennès je kale.
Ezekiel 20:32Nou gen yon sèl lide nan tèt nou: N'ap plede di se pou nou tankou lòt nasyon yo, tankou moun k'ap viv nan lòt peyi yo, k'ap fè sèvis pou pyebwa ak wòch. Men, nou p'ap janm wè sa rive.
Hosea 2:12Kanta jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m'ap ravaje sa. M'ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo.