Isaiah 1:10
Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Seyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:13Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.
1 Kings 22:19Miche pran lapawòl ankò li di: -Bon! Koute mesaj Seyè a. Mwen te wè Seyè a chita sou fotèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l', sou bò dwat ak sou bò gòch li.
Isaiah 8:20W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa.
Jeremiah 9:26moun peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Moab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. Yo yonn pa kenbe kontra m' lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m' lan.
Ezekiel 16:35Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di:
Ezekiel 16:49Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite.