Isaiah 1:9
Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:32Abraram di ankò. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di yon dènye mo. Si ou jwenn dis inonsan ase? Seyè a reponn li. Si mwen jwenn dis inonsan, m'ap fè pa lavil la.
Deuteronomy 29:23Y'a wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, ankenn plant p'ap ka pran ladan l'. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Seyè a te detwi nèt lè l' te ankòlè a, lè l' te move anpil la.
Isaiah 6:13Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.
Isaiah 17:6Se sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Isaiah 24:13Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapyay apre rekòt rezen an.
Isaiah 37:31Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye ankò. Y'a kanpe ankò.