The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 1 › Isaiah 1:26

Isaiah 1:26

Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kè li.

Bib La

In The King James Version

And I will restore thy judges as at the first, and thy counsellors as at the beginning: afterward thou shalt be called, The city of righteousness, the faithful city.

In Context

25Mwen pral regle nou. Mwen pral netwaye nou nan dife, tankou lè y'ap netwaye fè. Mwen pral wete tout vye kras ki sou nou.

27Seyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L'a sove lavil Jerizalèm. Seyè a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.

Read all of Isaiah 1

Cross References

Numbers 12:3Men Moyiz se yon nonm ki pa t' grandizè. pa t' gen pase l' sou latè.

1 Samuel 12:2Koulye a nou gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m', mwen fin granmoun, cheve m' fin blan, se pitit gason m' yo ki la avèk nou. Depi mwen jenn gason rive jòdi a m'ap mache alatèt nou.

Isaiah 2:3Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.

Isaiah 33:5Ala pouvwa Seyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L'ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pesonn p'ap fè lenjistis sou mòn Siyon an.

Isaiah 60:17M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.

Isaiah 62:1Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 1:26

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 1:25Isaiah 1Isaiah 1:27 →