Isaiah 60:17
M'a fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. M'a fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. N'a gen kwiv nan plas bwa, n'a gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki t'ap peze nou yo, m'a mete chèf k'ap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki t'ap souse nou yo, m'a mete chèf k'ap fè sa ki dwat.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 10:21Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen.
Isaiah 1:26Mwen pral ban nou chèf ak majistra tankou sa nou te konn genyen nan tan lontan yo. Lè sa a, y'a rele lavil Jerizalèm: lavil kote moun mache dwat la, lavil ki renmen m' ak tout kè li.
Isaiah 32:1Yon jou, va gen yon wa k'ap gouvènen peyi a san patipri. Chèf yo va dirije peyi a jan sa dwe fèt.
Zechariah 12:8Lè sa a, Seyè a va louvri zèl li pou l' pwoteje tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo. Wi, lè sa a, menm pi fèb la ap gen fòs tankou David. Pitit pitit David yo va alatèt pou dirije yo tankou Bondye, tankou zanj Seyè a.
2 Peter 3:13Men nou menm, n'ap tann lòt syèl ak lòt tè Bondye te pwomèt la, kote se bagay ki dwat devan Bondye ase k'ap fèt.