Isaiah 1:6
Depi nan po tèt nou rive anba pla pye nou, nanpwen kote nan kò nou ki pa malad. Se blese, se foule, se san k'ap koule. Yo pa netwaye yo, yo pa mare anyen sou yo, yo pa mete medikaman sou yo pou kalme doulè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 2:7Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.
Psalms 38:3(038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal.
Jeremiah 6:7Menm jan dlo dous toujou ap souse nan yon pi, se konsa nan lavil la mechanste ap souse toupatou: Se britalite ak piyay mwen tande y'ap fè. Se moun k'ap soufri, moun ki anba kou ase mwen wè devan je m'.
Jeremiah 8:21Kè m' ap fann lè m' wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M' pa wè sa pou m' fè ankò! M' dekouraje nèt.
Jeremiah 30:12Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri.
Jeremiah 33:6Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san ankenn danje.