Isaiah 1:7
Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:33Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.
Deuteronomy 28:48Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
2 Chronicles 28:16Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou,
Psalms 107:39Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè.
Isaiah 5:9Men sèman mwen tande Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, fè: Tout kay sa yo gen pou yo tounen mazi. Yo te mèt bèl kou yo bèl, yo te mèt gwo kou yo gwo, p'ap gen moun pou rete ladan yo.
Isaiah 6:11Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.