Isaiah 10:14
Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 31:25Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen.
Proverbs 21:6Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.
Isaiah 37:25Mwen fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.
Hosea 12:7Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y'ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa.
Nahum 2:9Piye tout lajan an. Piye tout lò yo. Yo gen yon richès ki poko prèt pou fini, yon pakèt bèl bagay ki koute chè.