Isaiah 10:17
Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:1Pèp la te konmanse ap plenyen nan zòrèy Seyè a jan zafè yo pa t' bon. Lè Seyè a tande sa, li fè yon sèl kòlè, li voye dife sou pèp la. Dife a pran nan mitan yo, li boule yon bò nan kan an nèt.
Deuteronomy 4:24Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.
Psalms 21:9(021:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.
Psalms 50:3Bondye nou an ap vini. Li p'ap rete ak bouch li fèmen. Devan li gen yon gwo dife k'ap boule tout bagay, l'ap vini nan mitan yon gwo van k'ap fè dega.
Psalms 84:11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Isaiah 9:18Mechanste kaye nan mitan pèp la, tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan syèl la.